SWIFT: Yon Zam Nikleyè Finansye Entènasyonal ?

Pa Emmanuel JEAN BAPTISTE, Adm.
Ki sa SWIFT ye?
SWIFT (Society for Worldwide Interbank Financial Telecommunication) se youn nan pi gwo rezo kominikasyon finansye sou planèt la. Li sèvi kòm sistèm sikilasyon finans mondyal la, pèmèt bank yo fè transfè lajan atravè mond lan rapidman, avèk sekirite epi ak presizyon. San SWIFT, anpil tranzaksyon entènasyonal t ap ralanti oswa menm vin enposib.
Avantaj SWIFT yo
Vitès ak Sekirite: SWIFT asire tranzaksyon yo fèt vit epi san danje, e li sèvi ak teknoloji avanse pou anpeche fwod oswa entèferans.
Koneksyon Mondyal: Plis pase 11,000 enstitisyon finansye nan plis pase 200 peyi sèvi ak sistèm lan. Sa kreye yon rezo bankè global ki esansyèl pou komès, envestisman, ak èd devlopman.
Konfyans Finansye: Lè yon bank oswa yon peyi konekte ak SWIFT, sa ogmante kredibilite li sou plan entènasyonal. Li vin pi fasil pou jwenn finansman, atire envestisè, epi fè biznis atravè lemond.
Men, ki kote pwoblèm lan ye?
SWIFT kòm zam politik
Malgre li se yon zouti teknik, SWIFT pa ekate de politik mondyal. G7 gwoup ki rasanble pi gwo ekonomi endistriyalize yo (Etazini, Kanada, Lafrans, Almay, Itali, Japon, Wayòm Ini) itilize aksè a SWIFT lan kòm fòm presyon diplomatik ak ekonomik. Lè yo mete sanksyon sou yon peyi epi izole li de sistèm SWIFT la, se tout ekonomi peyi sa a ki ka tonbe nan kriz.
Egzanp Iran an 2012
An 2012, Iran te viktim yon sanksyon istorik: li te koupe de sistèm SWIFT la poutèt dezakò sou pwogram nikleyè li. Rezilta a te katastwofik: iran te prèske retounen nan epòk twòk, enflasyon monte an flèch, ekonomi an te kraze, ak kapasite Iran pou l vann petwòl ki se pi gwo sous revni li te prèske anile.
Lòt ka enpòtan:
Kore di Nò: Izole depi lontan, li pa gen aksè a SWIFT, sa ki fè l depann sou metòd tranzaksyon paralèl e sou èd Lachin.
Larisi: Apre envazyon Ikrèn an 2022, plizyè bank ris te deyò nan SWIFT. Sa te ka koze gwo chòk sou ekonomi ris la e te fè woub la (lajan Larisi) tonbe grav. Men Larisi ki te tire Leson sou sa ki te rive Iran an 2012 te gentan prepare l pou ekonomi l la pa t efondre.
Poukisa sa konsène Ayiti?
Malgre Ayiti pa jwe yon gwo wòl nan finans mondyal la, li toujou depann de sistèm entènasyonal pou transfè lajan (sitou diaspora a), èd devlopman, ak komès. Kidonk, nenpòt menas sou aksè a sistèm sa yo ta ka gen konsekans devastatè sou ekonomi ayisyen an.
Ki wout Ayiti dwe pran?
1. Ranfòse sistèm finansye lokal la: Bank yo dwe respekte regilasyon entènasyonal sou transparans, anti-blanchi lajan, ak sekirite. Sa ap ogmante konfyans ak diminye risk sanksyon.
2. Divèsifye ekonomi nasyonal la: Pa sèlman konte sou transfè dyaspora a. Fòk gen plis pwodiksyon lokal ak ouvèti sou mache entènasyonal.
3. Kolaborasyon ak enstitisyon mondyal yo: Antre nan dyalòg ak FMI, Bank Mondyal, ak lòt aktè finansye pou jwenn asistans teknik, fòmasyon, ak sipèvizyon.
4. Envesti nan teknoloji finansye (fintech): Ayiti ka devlope solisyon dijital pou pèman, transfè ak ekonomi dijital. Sistèm sa yo, tankou CBDC (lajan dijital santral), ka redui depandans sou bank tradisyonèl ak sistèm entènasyonal yo.
SWIFT montre kijan finans se pa sèlman kesyon ekonomi, men yon zouti jewopolitik. Si Ayiti vle evite vin otaj sanksyon entènasyonal, li dwe panse estratejik: devlope kapasite finans li, amelyore transparans, epi mete teknoloji nan sèvis souverènte li.