Société

RACINE INFO: Konseye Prezidan Fritz ALPHONSE JEAN voye senpati li bay laprès, lapolis ak pèp Ayisyen ki viktim anba men bandi ak sapat e bay garanti ke zak sa yo pap rete enpini

Biwo Kominikasyon FRITZ ALPHONSE JEAN

Konseye-Prezidan

Mèkredi 25 Desanm 2024

Konpatriyòt frèn ak sè nou yo an Ayiti kou lòtbò dlo, nou konnen jodi 25 desanm 2024 la se yon jou pou nou ta swete tout moun Bon Makaya ak jwaye nwel, men malerezman sistèm banditis gang ak kravat melanje ak gang ak sapat enstale nan peyi zansèt nou yo depi anviwon 10 lane vi disparèt tout tradisyon nou yo.

Nou voye senpati nou bay tout fanmi ki viktim, Asosyasyon journalis yo, tout travayè lasante, nan dram lopital jeneral la e sa pap rete enpini.

Douvan eritaj sistem kriminėl sa ki vie fe tout Ayisyen pase pou Kanibal nan fe san koule, nan detwi lavi ak byen, anben nou menm ki nan tèt leta jodi a nou pap fè bak nan batay nap mennen kont gang kriminel sa yo ki hadichonnen tèritwa zansèt nou yo nan simen dey, vyularis, chagren, lamize ak lοpèrèz,

Jodi 25 desanm 2024 la, nap kontinye salye kouraj fös lod yo ak M55 lo kap goumen. san rete pou Ayiti rejwenn chimen lavi ak lapė.

Moun latibonit, nap di nou Prezidans la, gouvènman an, lapolis ak MSS la detémine pou nou derasinen gang sa yo ki mete latibonit ajenou jodi a. Debakman nouvo ekipman ki fet sou latibonit nan granm maten jodi 25 desanm nan montre aklé detéminasyon leta sa a poun libere depatman Latibonit la ki se grenye ak poto mitan peyi a. Polisye ak solda nou yo rete vanyan, nan fos ak kouraj ansanm ak popilasyon an pou nou libere peyi nou an anba grif gang kriminél yo.

Angiz Bon Makaya ak Jwaye nwèl, nou lanse yon apel bay tout fanm ak gason vanyan peyi a pou nou tout fè youn ak leta a nan batay kont sistèm gang sa ki vle demounize. nou. Pou lane 2025 la nou swete tout Ayisyen ka selebre fet Makaya ak Nwel nan renmen, nan pataj, nan lapé ak diyite.

Viv Ayiti

Biwo Kominikasyon Konseye Prezidan Fritz Jean

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page