ActualitésÉducation

RACINE INFO : Ayiti | Edikasyon : 13.000 nouvo ban disponib pou lekòl nasyonal yo pou ane akademik 2024-2025 la

Daprè enfòmasyon Ministè ledikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pibliye sou paj li Jodi samdi 19 oktòb la, gen 13 000 nouvo ban ki disponib pou elèv yo pou ane akademik 2024-2025 lan.

 

« Direktè Jeneral Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la (MENFP) ki te gen ak li Direktè Jeneral Fon nasyonal edikasyon an (FNE) vizite jodi vandredi 18 oktòb la, nan SONAPI, depo ki gen ladann plizyè milye ban ki disponib pou lekòl nasyonal yo nan tout peyi », se sa nou li nan Yon kominike pou laprès ki pibliye sou paj Facebook enstitisyon Sila a.

 

Selon pwofesè Yves Roblin, fabrikasyon ban sa yo te rantre nan kad planifikasyon ki te fèt nan lide pou te byen prepare ane lekòl 2024-2025 la. Se yon efò kapital pou fasilite elèv yo kapab aprann nan pi bon kondisyon.

 

Yon lòt bò, Direktè Jeneral MENFP a raple efò ki fèt sou kesyon ban an marye ak lòt efò ki an rapò ak distribisyon kit eskolè, manyèl eskolè e efò pou pèmèt plis elèv kapab manje chak jou nan kantin lekòl yo.

 

Nan kad preparatif pou rantre lekòl la, ministè Edikasyon nasyonal nan tèt kole avèk FNE deja distribiye 2.500 ban nan depatman Nò, 1.000 ban nan depatman Sant, daprè presizyon Direktè Jeneral FNE a te bay pandan vizit gide sa a. Jean Ronald Joseph fè konnen distribisyon an ap rapousuiv nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la kote anpil lekòl nasyonal pèdi materyèl yo, paske zèfèyis dechèpiye yo oubyen paske lekòl sa yo te tounen abri pou akeyi moun ki te kouri kite lakay yo pou kòz vyolans. Konsa ban, biwo, tab, amwa te tounen bwa pou moun yo limen dife.

 

Menm jan ak nan depatman Nò, depatman Sant ak nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la, Jean Ronald Joseph bay garanti distribisyon ban sa yo ap touche tout lòt depatman yo an fonksyon reyalite yo chak.

 

Fabrikasyon 13.000 ban sa yo se rezilta yon mache piblik kote plizyè antrepriz lokal te patisipe ladann. Ki donk se pa ban ki soti aletranje, men se atizan ayisyen ki fabrike yo. Se 346.000.000 goud FNE te mobilize pou mache sa a.

 

RACINE INFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page