RACINE INFO : Ayiti| Dwa Fanm : Kèk jou apre enstalasyon l, Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan vizite divès direksyon ak sèvis ki anndan ministè sila a

Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan, Marie Françoise SUZAN akonpanye ak manb kabinè li ansanm ak Direktè jeneral ministè a epi divès wo kad nan Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan (MKFDF), te reyalize yon vizit gide, jounen Madi 18 jen 2024 la, nan divès direksyon ak sèvis ki genyen anndan enstitisyon an.
Nan kad vizit sila a, nimewo 1 MKFDF la pa t kache kontantman li pou l te rankontre ti pèsonèl la ki se yon pyès enpòtan nan bon fonksyònman enstitisyon an. Li te pwofite envite tout moun, soti nan wo kad rive sou ti pèsonèl la, pou kontre men ak li yon mannyè pou voye Ministè a monte wo epi bay bon jan vizibilite ak tout aktivite li pral gen pou l reyalize yo. Nan sans sa a, Minis Marie Françoise SUZAN te ensiste anpil sou kolaborasyon chak anplwaye, chak inite ak direksyon pou mennen batay la, pou rezilta ak objektif ki fikse yo rive reyalize.
N ap raple pou tout moun, Minis kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan te deja fè yon gwo rankont vandredi 14 jen pase a ak tout direktris, direktè divès inite ak direksyon anndan enstitisyon an, non sèlman nan lide pou te fè konesans ak yo men tou nan lide pou l konnen sitiyasyon administratif chak inite ak direksyon sa yo.
Seri rankont sa yo montre volonte Minis lan genyen pou l vanse pazapa ak kad MKFDF yo yon mannyè pou mennen batay kont vyolans sou fanm ak tifi yo pi byen epi travay men nan men pou ede yo chanje kondisyon lavi yo.
Lourdien BOUMBA